From the recording Benediksyon Bondye

In cart Not available Out of stock

Lyrics

Papa m renmenw
Mizerikod ou pa gen fen
Depi lem fet, ou pote mwen nan menw
Se sak fe depim leve, jiskaske mal kouche
Map mache di jan ou bon pou mwen

Ou toujou fidel nan tout vi mwen
E se chak jou ou toujou pran swen mwen
Map itilize denye souf mwen
Poum mache di jan ou bon pou mwen

M renmen tande vwaw
Ou pas’avem nan dife a
Ou toujou tou pre menm le tout bagay nwa
Oh ou se yon bon papa
Ou se pi bon zanmim
E mwen vle di jan ou bon pou mwen

Ou toujou fidel nan tout vi mwen
E se chak jou ou toujou pran swen mwen
Map itilize denye souf mwen
Poum mache di jan ou bon pou mwen

Benediksyon ou pa janm sispann kouri deye m (2x)
Mwen koubem byen ba devan majestew
Fe sa ou vle avem
Benediksyon ou pa janm sispann kouri deyem